Popilasyon an nan depatman Lwès peyi Dayiti kontinye ap pete kouri kite lakay yo jounen samdi 16 mas 2024 la.

959

03 – 16 – 2024

Bèlvi, Ayiti__(TRiboLAND) Malgre gwo jefò kèk ti ponyen nan Lapolis la ap fè pou sekwe kò yo kont gang ” Viv Ansanm” yo ki kontinye ap teworize popilasyon an, sa pa anpeche divès nan yo kontinye ap vòltije gagè pou kouri kite lakay yo.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND konfime ke genyen divès abitan nan Bèlvi 14 ak16 ki deja leve kouri kite lakay yo tèlman bandi ak gwo zam manch long nan men yo deja mete zòn nan tè pwa, tè mayi tèlman yo vire lòlòj lokalite an.

Nan moman nap pale la plizyè kay deja tounen sèn piyaj san konte divès lòt bandi yo deja kraze epi mete wouj ak dife.

Yon sityasyon ki lakòz plizyè manm nan popilasyon deja mache pòs yo san konnen ki kote yo pral pran refijye.

Comments are closed.