Rara Ògèy lajenès nan vil Tigwav selebre 179èm anivèsè yo.

996

04 – 02 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Rara Ògèy lajenès nan vil Tigwav selebre 179èm anivèsè yo nan lannwit lendi 01 pou louvri madi 02 avril 2024 la, sou plaj Abèy.

Nan okazyon an, te genyen divès aktivite ki te reyalize pami yo, defile, konkou rara, se plis pase 15 bann rara ki te patisipe nan aktivite sila a, yo manje, bwè e fete nan tèt ansanm.

Youn nan manm komite Rara Ògèy la, mesye Lamothe te pran lapawòl, nan diskou sikonstans li, li remèsye Bondye, ginen yo, tout fanatik yo, tout fòs viv komin nan, madam Niva Augustin ki sipòte yo nan okazyon anivèsè 79 lane egzistans yo, pandan l deklare, se pou premye fwa yo rive reyalize yon aktivite parèy depi yo ekziste.

Mesye Lamothe pwopoze ak pwochen palmantè ki pral syeje nan palman ayisyen an, pou vote yon lwa pou kapab mete lajan nan bidyè peyi a, yon fason pou tout rara nan peyi a, jwen mwayen ekonomik pou yo fonksyone paske daprè li, rara yo genyen anpil depans.

Nap siyale, fèstivite rara yo pase san pwoblèm, zewo ka aksidan anrejistre daprè dirijan rara yo ak responsab lopital jeneral Notre Dame Tigwav, doktè Fred Jasmin ke repòte TRiboLAND medya te kontakte.

Comments are closed.