Ansyen depite komin Marigo a plede anfavè yon jij nan Kou Kasasyon ak patisipasyon kolektivite tèritoryal yo pou ede demawonde kriz peyi Dayiti a.

7,819

03 – 16 – 2024

Marigo, Ayiti__(TRiboLAND) Ansyen depite komin Marigo nan dènyè lejislati ki sot pase la yo, Déus Desronneth, plede anfavè yon jij nan Kou Kasasyon ak patisipasyon kolektivite tèritoryal yo pou ede Ayiti sòti nan kriz plizyè tèt ke li konnen la yo depi plizyè lane.

Ansyen depite a ki pa wè bagay yo menm jan ak ansyen senatè Moïse Jean Charles, pwopoze yon jij nan Kou Kasasyon kòm prezidan, yon kad nan administrasyon piblik la oubyen yon teknisyen onèt nan sosyete sivil la pou vin jwe wòl Premye Minis.

Yon lòt bò, prezidan IGgEP la plede anfavè entegrasyon kolektivite tèritoryal yo tankou : KAZÈK, AZEK, Delege vil, Ajan egzekitif enterimè yo, poun site sa yo sèlman, kote li fè konnen kriz la paka rezoud san yo. Pou Déus Desronneth, se nan fè kolektivite yo enjistis, abi ak eksklizyon ki lakòz peyi a tonbe nan ensekirite ak sou devlopman.

Pou fini ak pwopozisyon li an, pwofesè nan divès fakilte nan kapital peyi a, Déus Desronneth, rete kwè ke peyi a pa pou gwo zotobre ak gwo palto nan Pòtoprens sèlman, nou paka kontinye ap maltrete ak inyore kolektivite tèritoryal yo ki se bonnanj peyi a. Konsa, li mande envite tout kolektivite yo siyen Akò Souverènte Enstitisyonel Enklizif ki pou rezoud kriz la.

Comments are closed.