Mèt Garry Sanon nan yon konferans kalifye kriz aktyèl peyi a kòm pwoblèm enkonpreyansyon leta.

827

03 -16 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou ak lapwès jedi 15 mas 2024 la, Mèt Garry Sanon kalifye kriz atyèl la kòm pwoblèm prevwayans leta ki pat mete okenn mizanplas pou yon demen te ka vin pibèl.

Mèt Garry plede anfavè Konstitisyon 87 la, pou rezoud kriz aktyèl kap brase bil peyi a. “Yon konsansis kapab ede nou jwenn yon solisyon nan kriz la, paske nou pap ka aplike atik 148 la, men pa sajès nou ka itilize atik 149 la ki mande anka absans prezidan an, nou ka fè rekou nan Kou Kasasyon pou chwazi yon prezidan bisefal, ak yon premye minis konsansis kote tout aktè yo mete yo dakò sou kabinè ministeryèl konnsansis la”, daprè Mèt Garry Sanon ki tap depoze.

Mèt la rabat pou li di, “otou kabinè ministeryèl la, pral genyen yon konsèy konsiltatif ak 11 manm ki soti nan tout depatman yo, ki pral debouche sou konsèy sitwayen an, pou mete enstitisyon tranzitwa yo ki pral mete kanpe konsèy elektoral la ki pral pèmèt nou debouche sou eleksyon tout moun swete a”.

Demantèlman sosyete sivil la, se pi gwo defisi peyi Dayiti konnen jodi a, paske se yon sosyete sivil fò, ki akouche yon leta fò e solid.

Comments are closed.