Nòdwès : TRiboLAND.com reyalize premyè jounen seminè sou fabrikasyon pwodwi chimik

2,568

Triboland demare ak premyè jounen seminè sou fabrikasyon pwodui chimik nan lokalite Palan nan site Kapwa Lamò a.

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Plis pase 60 aprenan te reponn prezan, byen bonè maten vandredi 15 jiyè 2022 a, nan lekòl Nasyonal Palan, pou te vin aprann fè plis pase 20 pwodui chimik.

Seminè sa a, rantre nan kad chanjman paradigmatik Administrasyon Jounal anliyn TRiboLAND.com ak tout ekip li vize tout bon vre, ede chak moun aprann ou mete men sou yon metye pwofesyonèl. TRiboLAND deside mete sou pye yon katafal atelye aprantisaj nan diferan lokalite atravè Wo Nòdwès la pandan moman ete 2022 a.

Patisipan yo nan moman dewoulman premyè jounen seminè a, bat bwavo lakontantman pou gwo inityativ sila epi mande bondye konsève vi inityatè mouvman sila ki pa chaje aprenan yon peni. Seminè sa ap dire 2 jou e nan fen yon parèy atelye, aprenan yo ap resevwà yon sètifika pou patisipasyon.

Felisitasyon pou yon masiv patisipasyon aprenan ki te soti nan plizyè lokalite; san ke nou pa bliye devouman ak kowòdinasyon Mèt Genson Hyppolite, Mèt Ytchmuth Corneille ak Mèt Hodney Fanuance ki te mete yon parèy gro mouvman sou pye.

Comments are closed.