REKOKAGA denonse reprezantan mezon Winner SA a, Stéphane Martin ki refize pe yo lajan dis tònn Kakao fumante.

03 – 07 – 2026
Lèziwa, Ayiti______(TRiboLAND) Prezidan konsèy rezo koperativ kakao yo nan Grandans, agronòm Garry Roblin nan non sis koperativ agrikòl plantè kakao yo tankou nan komin Anzdeno, Lèziwa, e Dam Mari, denonse reprezantan mezon Winner SA a, Stéphane Martin ki pa vle peye ansanm koperativ agrikòl yo lajan dis tònn Kakao fèmante ke mezon Winner genyen pou yo depi anviwon yon lane.
Lajan sa a, selon prezidan an, agronòm Roblin se yon montan kat milyon twa san karant sèt goud; se lajan rezo koperativ kakao a dwe plantè yo nan komin Leziwa, Anzdeno, e Dam Mari, ki regwoupe sis koperativ agrikòl yo. Kidonk, antite konsène yo deklare ke yo bezwen lajan sila pou yo kontinye fè elvaj kakao yon fason pou reponn ak egzijans tèt pa yo antanke peyizan, plantè, ou agrikiltè kap viv sou sa late pwodwi.
Prezidan rezo koperativ kakao yo, fini pou l mande enstans konsène yo, nan leta a, kou nan sèktè dwa zimen yo pou ankete konsènan pwoblèm yo; jis akonpanye plantè kakao yo ak rezo koperativ agrikòl lan nan tout demach kap abouti pou mezon Winner SA peye yo lajan dis tònn kakao fumante a, ki se yon pwodwi byen trete e sipòte sante konsomatè yo nan peyi Dayiti kou nan peyi etranje.






