JENO mande pou tout jèn ki gen veleyite poze kandida nan eleksyon ki gen pou fèt yo, etale piblikman kandidati yo

1,105

01-02–2022

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Jeune Engagés du Nord-ouest (JENO) envite tout jèn ki gen veleyite pou poze kandidati yo nan depatman Nòdwès la, pou groupe kolektivman, nan lide pou jwenn yon kansansis nan dyalòg, yon fason pou pa gen divès kandida ki soti nan mitan jenès la pou yon menm pòs.

Se pou sa, responsab JENO yo envite tout jèn ki ta renmen pòte yo kandida nan yon rankont kap fèt 13 janvye 2023, vè 2 zè nan Kasiska, Lakoup pou reflechi ansanm sou metòd jèn yo ap itilize pou chwazi san fòs kote kandida pou pòs: Majistra, Depite ak Senatè pou depatman Nòdwès la.

Nòdwès nou an twouve-l nan yon sitiyasyon ki malouk anpil depi dikdantan. Si pou anpil moun se yon fatalite, nou menm nan JENO nou rete kwè nou ka chanje vizaj lakay. Pou-n rive fè sa, JENO panse nou dwe koupe fache ak tout move pratik politisyen tradisyonèl yo; nou dwe goumen pou-n bay Nòdwès yon pi bon reprezantativite politik ak yon altènativ tou nèf.

Nan sitiyasyon komin yo ye la, JENO panse lap pi bon si lajenès mete tout fòs yo ansanm pou yo pran pouvwa politik la, lokal tankou nasyonal.

Pandan JENO ap espere jèn yo mete sou kote tout enterè mesken pou jwenn yon akò san fòs kote pou kapab goumen kont tout politisyen konwonpi ki ipoteke avni yo nan movèz jerans Leta.

Charles Beethovens Predelus

Comments are closed.