Wanament/Konfli tèryen: Doktè Claude Joazard fèmen pòt moulen diri zòn Dilè a.

1,186

06-24-2022

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Dimanch 19 jwen 2022 pase, Doktè Claude Joazard fèmen pòt kote ADH gen yon moulen diri ki gen plizyè lane depi li pa fonksyone.

Daprè kèk manb nan komite òganizasyon asosiyasyon pou devlòpman Womaribarou (ADH), yo fè konnen se Edner Joazard kite bay kominote Dilè a espas la kòm don pou yo te kapab benefisye moulen an kòm yon plan parenaj. Claude Joazard ta fè kwè se Edner Joazard ki vann li espas kòm fanmiy li.

Selon prezidan ADH la Charlessaint Sibert, genyen plizyè ane depi Edner Joazard tap fè tantativ pou li te rekipere tèren sa li te fin bay kominote Dilè a pou yo te benefisye moulen an. Dosye a te menm rive nan pakè, aprè komisè Luckner te fin gade papye notè ke Edner Joazard te ba yo, komisè Luckner te voye 2 pati yo nan dozado.

Nap raple, pou konnya claude ap dyalòge ak komite a pou yo remèt Edner Joazard tèren sa ke li te bay yo kòm don kominotè, selon “Libète pou Enfo”.

Jn simon Manex, TRiboLAND

Comments are closed.