Ajan PNH yo nan kapital peyi Dayiti fouke yon jounalis, pou tèt nivo konplisite li ak gang sangwen yo.

836

03 – 14 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____( TRiboLAND) Lapolis nan Pòtoprens anonse, jounen mèkredi 13 mas 2024 la, yo mete anba kòd yon jounalis ki pote non, Yvener Phanord Sylla, pou tèt li ta nan konivans ak gang ame.

Enfòmasyon korespondan TRiboLAND boske anba men gwo zotobre nan PNH la ta va konfye nou ke, jounalis la te konn itilize machin prive li, pou sèvi pasaj ale mennen vini pou gang sangwen yo.

Jounalis la ki abite nan komin Matissan nan lokalite Délouis, jwenn arestasyon li nan zòn Turgeau, pandan li tap penpennen abò yon Cherokee ble, Imatrikile : AA 86320.

Comments are closed.