“Roro”, yon gro chèf gang “lwijan boje”, tonbe nan boukantaj kout zam ak lapolis nan vil Pòdpè

1,164

01-16-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan sousi pou remanbre yon ko-egzistans pèzib nan site Kapwà Lamò a, fòs lòd yo nan zòn Kafou Tifon, ki a kèlke kilomèt vil Pòdpè, arive blese mòtèlman David Romel alyas “Roro”, yon prezime bandi ki te toujou ap fè lapli ak bontan, daprè kèk sitwayen ki te toujou ap pase peripesi anba men toupwisan an.

Roro se yon prezime bandi ke lapopo tap chèche tankou chyen fou, pou enplikasyon li nan yon latriye zak malonèt tankou: dosye tè, asosyasyon malfektè pou site sa yo sèlman. Roro te nan mawon; malerezman lapopo ta pral kontre bab pou bab avèk li sou yon tab jwèt nan Tifon, jodi lendi 16 janvye 2023 a.

Temwen ki te la ta vle fè kwè, pou yo te touye Roro kòm fijitif, yo te oblije fè tout moun ki te la kouche atè. Se konsa, nan moman li tap eseye trese lèl ak yon kalib 9mm, ajan UDMO yo ta muskadin Roro otomatikman.

Roro ta sanble arive tonbe nan boukantaj kout zam ak lapopo nan blòk Tifon toupre Kyòs la selon temwen. Yo esplike ke viktim nan, te blayi 2 pye devan nan san li, ak yon chemizèt vèt e yon pantalon kaki. Figi Roro defigire ak katouch, yon sèn ki bay anpil chè depoul.

Pou anpil malere ki te toujou ap degaje yo ak ti machandiz pou revann, moso tè eritye ke yo pèdi anba atoufè Roro, se plis yon delivrans pou la Repiblik!

Comments are closed.