PNH mete anba kòd 3 manm yon gwoup gang ki abitye opere sou wout Kafoujòf – Pòdpè a

1,742

09/25/2021

Julner Elisée, 36 lanne ki abite Lakil, Pay Jean 19 lanne ki abite egalman nan Lakil ak Jovens Etienne 32 lanne ki rezide nan BasenBle, se non ak laj yon triyo bandi ki jwen arestasyon yo nan komin Gwomòn yè vandredi 24 septanm 2021 an nan kàd yon operasyon Lapolis.

Dapwè otorite yo, mesye sa yo se manm aktif yon gwoup gang ki pa manje anyen ki fwèt e kap taye banda nan  zòn Ti Davi. Yo patisipe nan divès zak kidnapping ak touye moun nan zòn nan e kreye panik sou wout ki relye Kafoujòf ak Pòdpè.

Sa gen sèlman 2 jou depi ke bandi te ouvè gwo kout zam sou plizyè veyikil ki tap eseye kite depatman Nòdwès la, e pami machin sa yo te genyen yon patwouy polisye. Nap pwofite salye kouraj Otorite Polisyè ki pwomèt pou rapouswiv ak kalite operasyon sa yo epi ogmante prezans ajan lòd yo sou tout wout la pou retabli lòd.

Wilgens Devilas

Comments are closed.