Yon gwoup bandi ame ki idantifye sou non “Viv Ansanm” mete dife nan rezidans DG PNH la nan Santo 17.

931

03 – 14 – 2024

Kwadèboukè, Ayiti__(TRiboLAND) Se vrèman tris e imilyan ala fwa pou # 1 PNH la nan peyi Dayiti. Yon gwoup ame ak gwo zam manch long, anpil moun idantifye kòm gang “Viv Ansanm”, debake nan rezidans DG PNH la, Frantz Elbé, Santo 17 epi mete dife e piye apwèmidi 14 mas 2024 la.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, nan moman endividi yo t ap chèche penetre rezidans #1 PNH la, yo te deklannche yon rafal kout zam kote yo kraze divès materyèl e menm arive touye plizyè chyen ki te nan lakou a.

Kout bal sèl kòk chante, lafimen ap degrengole, divès moun ap kouri kite lakay yo. Sa genyen kèk jou depi ke koalisyon gang “Viv Ansanm” tap klewonnen yon plan ki vize pou atake rezidans gwo chabwak yo nan Leta a.

Comments are closed.