Pòt pawòl “Viv Ansanm” nan Jimmy Chérisier alias barbecue frape pye li atè fò, li lanse apèl bay pwopriyetè gwo otèl pòtoprens ki kenbe politisyen, minis ak direktè jeneral yo.

958

03 – 13 – 2024


Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Pòt pawòl “Viv Ansanm” nan, Jimmy Chérisier alias “Barbecue” frape pye li atè fò, li lanse apèl bay tout pwopriyetè gwo otèl yo nan Pòtoprèns pou pa kenbe politisyen malonèt yo, minis yo, direktè jeneral yo li di ki tap kolabore ak pouvwa ex-defakto Ariel Henry a.

Selon Barbecue, yo pral mennen yon operasyon bouske minis yo, bouske direktè jeneral yo, bouske tout politisyen ki fè mal ak peyi a, pandan l deklare nenpòt sa ki rive otèl yo, yo pa responsab.

Antretan, pòt vwa “Viv Ansanm” nan, Jimmy Chérisier, fè gwo sèman, li fè konnen pa genyen okenn negwosyasyon ki kapab fèt San prezans “Viv Ansanm”, Barbecue presize fwa sa a, bourik pap travay pou chwàl galonnen.

Chèf gang la, fè kwè yo pa fè yon revolisyon pasifik, se zam yo kenbe, se yon revolisyon saglan yo fè nan peyi a pou chavire sistèm pouri a. Yo pa genyen presyon yap pran men okenn moun!

Comments are closed.