Prezidan APCH la, Miyi Changé mande pou genyen yon koulwa Imanitè ki kreye pou fasilite chofè estasyon ponp yo al fè chanjman nan Tèminal Vare nan komin Site Solèy.

886

03-11-2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Prezidan asosyasyon pwopriyetè chofè ayisyen yo (APCH), Miyi Changé nan yon entèvyou li akòde ak youn nan Radyo nan kapiltal la, jodi lendi 11 mas 2024 la, mande pou genyen yon koulwa imanitè ki kreye pou fasilite chofè estasyon ponp yo al fè chanjman gaz nan tèminal vare nan komin Site Solèy.

Responsab APCH la, Miyi Changé deklare pa genyen yon pwoblèm gaz ki poze nan peyi a, menmsi moun kapab remake fenomèn galon jòn kap vann gaz tankou lo mango nan lari a.

Pou Miyi Changé, li genyen tout enfòmasyon, genyen gaz nan tèminal vare, se pito nèg ak gwo zam nan men yo ki okipe tout espas nan Site Solèy ki pèmèt chofè estasyon ponp pa manifeste volonte yo pou al fè chanjman nan tèminal la akoz, yo estime sekirite yo pa ditou garanti.

Toutfwa, # 1 Asosyansyon pwopriyetè chofè ayisyen yo (APCH), Miyi Changé lanse yon vibran apèl bay aktè politik yo, sosyete sivil la, pou jwen yon solisyon prese-prese, nan divès gwo kriz peyi Dayiti ap fè fas dènye jou sa yo, pami yo, ensekirite galopant, kriz sosyo politik ak ekonomik elatriye….



Comments are closed.