Pou mande Bondye delivwans pou pèp Ayisyen an, manm entènasyonal Federasyon Polis Chaplen (IFPCM), nan Jeremi òganize yon jounen priyè sou plas Dumas.

892

03 – 11 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Reprezantan entènasyonal Federasyon Polis Chaplen (IFPCM) òganize yon jounen priyè pou mande Bondye lavi a, delivwans pou pèp ayisyen an, kap sibi tout fòm pèsekisyon ak imilyasyon.

Nan kad jounen siplikasyon sila, ki te blayi sou Plas Dumas a, Pastè Edmonde Berthomieux te mete aksan, sou diferan fòm vyolans nèg ak zam ap fè sou sitwayen ak sitwayènn pezib yo; dèfwa ki jwenn sipò otorite yo.

Responsab Polis Chaplen yo, ankouraje pèp ayisyen an, fè chenn solidarite yonn ak lòt pou konbat flewo vyolans yap sibi anba men kidnapè e vyolè zèl sapat ak kravat.

Comments are closed.