Site Solèy: Chèf gang yo sinye yon akò pou lapè antre yo

276

23 out 2020

Pòtoprens___(TriboLAND) Nan yon dokiman “lanmè kalme” ke yo sinye yè samdi 22 out 2020 an, chèf group gang ame kap fini ak popilasyon Site Solèy la, asèpte fè yon antant pou mete fin ak tout diferans yo nan komen nan.

Gro chèf gang notwa yo tankou: Mathias Saintil, Andrice Iscar, Gabriel Jean Pierre alyas “Ti Gabriel” ki nan Belekou, Boston ak Brooklyn deside atravè yon akò “lapè’ ou “c’est ma faute” pou rezoud pito endiferans yo atravè dyalòg e non atravè batay chyen manje chyen.

Sinyàti akò “c’est ma faute” la gen pou wè avèk yon priz konsyans bò kote 3 chèf gang yo ki rekonèt yo se frè e yo fè popilasyon an anpil tò. Konsa, yo anonse repedalaj aktivite komèsyàl yo, aktivite eskolè, ansanm ak transpò va e vyen yo nan site a.

Na’p raple sa gen plis pase yon semènn depi vyolans ant divès group gang pa sispann tèworize ou touye yon bon  vale sitwayen nan komen Site Solèy.

Comments are closed.