Asasina Gana: yon militan politik nan Site Solèy

407

Pòtopwens___( TRiboLAND) Joseph Jean Gana, militan politik Site Solèy ki te nan opozisyon fawouch kont pouvwa Moise-Joseph krible anba bal moun yo pa rive idantifye vè 5 è apwè midi jodi Samdi 16 Me 2020 an sou wout Fwè, komenn Petyonvil.

Gana se te yon figi trè redoutab nan yon latriye mouvman pwotestasyon sitou nan sa ki gen pou wè ak pelerinaj pou mande “Kote lajan Petwo Karibe a? “Yon jènn ki te toujou reve espwa pou sa chanje nan yon peyi kap dirije avèk yon ekip sendenden, krapil, inyoran, bandi san manman ki pa sispann detwi malere kap naje nan flanm mizè ou povwete ekstrèm”, dapwè yon militan pwòj defun an ki estime se yon gwo kou pou lut la.

Comments are closed.