Dràm nan Kafou: bandi sangwen dekapite yon pastè nan Wàne 93

961

03 11- 2024

Kafou, Ayiti____(TRiboLAND) Alòske li te gentan genyen plizyè jou depi yo tap chèche li nan tout rakwen nan Komin Kafou, responsab Legliz Tabènak Lagras ki localize li nan Wàne 93, zònn Sous Kowosòl ta pral dekouvwi kò san tèt pastè Auguste Désir, sèvitè Letènèl.

Enfòmasyon yo vli fè kwè ke pastè Auguste Désir ki se moun tout moun nan kanton an, tap eseye rekipere kèk bagay pèsonèl li, lakay li vandredi maten 8 mas 2024 la, alòske bandi sangwen yo pa rive idantifye koupe tèt li anndan lakay li.

Se konsa, yo ta pral dekouvwi kò san tèt la 3 jou apwè. Ke nanm pastè Auguste Désir repoze nan lapè etènèl e espwi kòmanse tounen yon pongongon nan lavi tou bandi sangwen ki pwesipite lanmò li san oken fòm pwosè.

Comments are closed.