“Kolera Ble” a reparèt tèt li ankò: Fondasyon “Zanmi Timoun” pè pou se pa menm katastwòf 2010 la

1,864

10-08-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) “Kolera” ke kas ble Nepalè ou manm misyon Nasyon Zini te simaye anndan peyi Dayiti a nan lane 2010, reparèt tèt li ankò e deja fè plis pase yon swasantèn ka enfekte, patikilyèman nan Site Solèy, nan Pòtoprens.

Fondasyon “Zanmi Timoun”, yon òganizasyon kap defann e fè promosyon dwà timoun, eksprime gro laperèz fas ak velosite ou propagasyon maladi a; konsa, yo alète vit e prese otorite sanitè yo pou yo pran yon seri dispozitif ijan e serye pou anpeche “Kolera Ble an”, propaje atravè peyi a, patikilyèman nan zòn defavorize yo.

Li difisil pou pèp ayisyen ta bliye ke “Kolera Ble” a, se youn nan pi gro dega ke LONI komèt an Ayiti nan lane 2010. Maladi a te rive nan peyi Dayiti atravè kas ble Nepalè, manm misyon Nasyon Tèt Kole yo. Te genyen plis pase 10,000 ki te mouri ak 900,000 enfekte ke MSPP te anrejistre. Sepandan, aprè plis pase yon deseni, iritaj LONI ap kontinye fè dega, alòske òganizasyon an kontinye ap gade pèp ayisyen nan je e pa janm bay viktim “Kolera Ble” yo regle anyen pou li.

LONI kontinye ap deklare kòm pretèks ke li genyen proteksyon ki gen pou wè avèk iminite diplomatik kont rekèt reparasyon pou fanmiy viktim kolera yo nan peyi Dayiti.

kredi foto: Dennis Thern

Comments are closed.