Tigwav minifestasyon: yon latriye milye moun pile beton an kont chèf gouvènman defakto a, Ariel HENRY.

256
0
Share:
TRiboLAND

11-08-2022

Tigwav, Ayiti (TRiboLAND) Wout bloke, kawotyou boule devan divès lekòl ki tap tante louvri pòt yo, gwo lapli kout wòch ak boutèy tire, bank komèsyal, mezon transfè, mache kominal ak transpò piblik tap fonksyone pentad pentad; se bilan jounen manifestasyon lendi 7 novann 2022 nan vil Tigwav,

Objektif yon parèy mouvman protestasyon, daprè militan yo, se pou kontinye mande demisyon premye minis defakto Ariel HENRY, yo estime ki enkonpetan e ki pa kapab adrese problèm popilasyon ayisyèn nan.

Selon pwotestatè yo, revandikasyon yo pa chanje, se toujou demisyon Ariel HENRY nan tèt primati a, pèmèt gaz la disponib nan tout ponp yo sou tèritwa peyi a, bese lavi chè a, bese dola a, debloke Matisan, Taraz, Kanaran, Kwadèboukè, Tòsèl, ak rezoud fenomèn ensekirite ak kidnapping nan blakawout ak elatriye…

Manifestan yo ki te rasanble byen bonè devan Kalvè Tigwav la, kote yo te òganize gwo seremoni, trase vèvè avan yo pran lari a. Li te 9 vè boul nan maten, pwotestatè yo ta pral foule beton an; yo te pakouri divès ri nan vil la, ak wout nasyonal # 2 a, yon katye ki pote non Vyalè ki anviwon 3 kilomèt  sant vil la. Militan yo ki tap chante ak fèy bwa, pankat nan men yo ki make ansanm revandikasyon yo ,epi yo tap lanse gwo pawòl piman bouke kont chèf pouvwa defakto Ariel HENRY, yo di ki se yon wont pèsonifye.

 Nap fè remake, manifestan yo kase randevou dpou kontinye ak seri protestasyon sa yo ki pa genyen oken lòt objektif ke se ekzije Ariel HENRY aji fas ak ansam revandikasyon yo.

JOICY Arnold

Share:

Leave a reply