Òm dafè e politisyen Walson Sanon prezan nan Jeremi nan kad politik pou ranfose pati politik An Fòs Pou Ayiti.

36
0
Share:
TRiboLAND

10 – 03 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TriboLAND) Lidè pati politik An Fós Pou Ayiti an, òm dafè Walson Sanon te prezan nan vil Jeremi, aprèmidi vandredi 02 oktòb 2026 lan. Objektif yon parèy virewon, se pou ranfòse estrikti politik An Fòs Pou Ayiti, pati politik ki andedan platfòm politik An Fòs Pou Sove Ayiti.

Daprè mesye Sanon menm lè poko genyen kanpay elektoral, responsab pati a jije enpòtan pou estriktire pati a nan Grandans peyi a.

An Fòs Pou Ayiti dejafè yon premye rankont avèk diferan sèktè tankou : notab yo, sekretè chanm kòmès la, sekretè sosyo sendikal pwofesyonèl yo, yon fason pou bay manm yo fòmasyon apwopwye sou prensip demokratik yo. Konsa, sa ap pèmèt chak sitwayen ayisyen ranpli wòl ak devwa sivik yo nan pwojè rekonstriksyon peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply