Gwo dife pwan nan lakou Ministè Ekonomi ak Finans: 4 machenn bwile

0 514

Pòtopwens____(TRiboLAND) Dife pran nan 4 machenn nan lakou Ministè Ekonomi ak Finans apwè gwoup Fantom 509 te pran lari jodi Lendi 27 Avwil 2020 an.

Chak fwa Fantòm 509 nan lari, moun mèt atann gwo deblozaj! Se refleksyon kèk moun apwè ke yo konstate dife ki te deklentche nan perimèt Ministè Ekonomi ak Finans. Selon yon jounalis yon radyo nan kapital la, konfime ke ensandi a se yon “Efè Fantòm”, kidonk yo kite tras yo dèyè. Bilan: 4 machenn bwile, pami yo genyen 2 zo reken.

Apepwè 2 machenn ponpye mal makak pat kapab arive etènn ou kontwole dife a akoz machenn yo ki pat genyen dlo. Plizyè inite tankou ajan BLTS, BIM, UDMO ak CIMO tap fè mannèv debouyman nan lakou a.

Nap raple, gwoup Fantòm 509 te achte lari Pòtopwens lajan kontan. Yo mete kawoutchou anflame nan divès ri; sezi kle machenn yon bon vale sitwayen pezib. Tout sa antre nan kad pou yo reklame yon pakèt aryere salè ke otorite yo dwe yo. Konsa, yo estime ke pwezidan repiblik la, Jovenel Moise pran yon malen plezi pou pase yo nan farinn lè lide li di li.

Leave A Reply