Nódwès/Pòdpè : Selebrasyon “Jounen Entènasyonal Anseyan” avèk konferansye Fr Lanès Escarment.

Pòdpè, Ayiti_____TRiboLAND) Se jounen vandredi 16 me 2025 sila, anseyan yo nan peyi Dayiti, Nòdwès anpatikilye, selebre Jounen Entènasyonal Anseyan yo, nan Medyatèk Eveche Podpè a.
Konsa, yon parèy jounen te rive make avèk anprezans divès anseyan ki te soti nan 11 komin depatman Nódwès la. Deba yo te plis santre sou yon tematik ki remete en kesyon vizyon ak misyon lekòl la: “Leadership Educatif et place des sciences de l’Éducation en Haiti”.
Konferansye a, ki se yon frè Enstriksyon Kretyèn nan Pòdpè, yon edikatè ki metrize sistèm Edikasyon an pafètman byen parapò ak fòmasyon l resevwa: Fr Lanès Escarment,te abòde plizyè pwen tankou: Metye Anseyan an, Leadership Edikatif ak Transmisyon Savwa (konesans), Bati yon Edikasyon ki chita sou Rechèch ak Reyalite n ap viv la…
An gwo Konferansye a, fr Lanès Escarment te fè anseyan yo konnen yo se yon senp gid, yon senp fasiltatè ak akonpanatè pou aprenan yo ki dwe degaje yo kon yo konnen pou devlope pwòp savwa pa yo.
Kanta direktè deptmantal Edikasyon Nòdwès la, pwofesè Levoyant Francois, nan entèvansyon li, te felisite anseyan yo pou kouraj yo sitou ak kesyon pwoblèm lavichè k ap souke labil anseyan yo pandan li ankouraje yo pou yo reprann kou yo, yon mannyè pou timoun yo kapab benefisye rès mwa ki rete yo.
Anndan konferans/deba sila, patisipan yo, anseyan yo, te poze anpil kesyon sou fason Leta ap mal jere sistèm Edikasyon an ki se baz devlopman yon peyi. Pou anseyan yo, se yon sistèm ki ta dwe repanse.
Sou lòd ministè a, direktè Levoyant François, te tou pwofite onore 4 anseyan : 3 nan komin Janrabèl ak youn nan komin Latòti. Kat (4) anseyan sa yo jwenn benediksyon minis Edikasyon Nasyonal la, mesye Antoine Augustin, gras ak konpetans melanje ak savwafè yo.






