Program konstriksyon poubèl ak po atizanal CFANO a deja demare

310
This image has an empty alt attribute; its file name is image-266.png
Ermionne Tassy, kòdonatris

09\28\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Anba lobedyans yon program ki pote non PISKA kap finanse ak tchotcho anbasad peyi La Frans nan peyi Dayiti nan yon otè 3 milyon goud, CFANO vize fòme 100 jèn kap gen pou konstwi 150 poubèl atizanal ak 50 po atizanal nan vil Pòdpè.


Sepandan, dapwè kòdonatris CFANO a, Ermionne Tassy, yo deja mete sou pye yon atelye de travay ki genyen anviwòn 2 sèmèn e deja konstui 20 poubèl atizanal.

Yon program daprè Tassy, ki vize redui ensalibrite ak valorize dechè plastik nan vil Pòdpè.

Li enpòtan pou konnen, program saa ap egzekite an patenarya CFANO e Lamèri.

Genson HYPPOLITE.gensonhyppolite@8gmail.com

Comments are closed.