AFAGM selebre Jounen Entènasyonal Dwa Fanm nan vil Gwomòn

952

03 – 10 – 2024

Se sou tèm sa, Investir en faveur des femmes, accélére le rythme” jodi dimanch 10 mas 2024 la, Asosiyasyon Fanm an Aksyon Gwo Mòn selebre Jounen Entènasyonal Dwa Fanm.

Yon latriye delegasyon te sòti nan tout 8 seksyon kominal yo; yo te vinn patisipe nan espas refleksyon ki te fèt sou dwa fanm nan lakou lise Jak Woumen an. Plizyè pèsonalite nan vil la ki te pran lapawòl te pwofite aprann medam yo dwa yo, ba yo ti moso konsèy sou pwotokòl salitasyon.

Nap raple prezans madanm Marie Gerda Thermitus, avoka militant, ki se direktris depatman OPC (ofis pwoteksyon sitwayen) te sòti nan chèf lye depatman an ki se Gonayiv pou te vinn patisipe nan sebrasyon sila. Li enpòtan pou nou sinyale ke AFAGM se yon asosyasyon kap travay nan komin Gwo Mòn depi lane 2007 sou dwa fanm ak tilèzanj. Yo egalman travay tou nan konbat vyolans sou tout fòm, li te jwenn sipò seksyon dwa moun nan minister pou konstwi yon sant ebèjeman pou medam ki viktim ka pran refij lè yo sibi vyolans pandan swivi sanitè, jidisyè yo ap fèt.

AFAGM te pwofite pou mande tout fanm pou yo fè devwa yo byen pou dwa yo ka respekte tou.

Comments are closed.