Yon katye nan Okap rele amwey kont Mouche Leta ki lage yo ap benyen nan labou ak fatra

273

11\30\20

Kap Ayisyen____(TRiboLAND) Plisyè sitwayen pran rout laprès nan okap pou yo denonse tray ak kondisyon malpròp ke yo trouve yo, alòske Mouche Leta pa janm konnen si yo egsiste.

Yo reproche sèvis TPTC kap jwe yon wòl fantom e ki pèmèt yo pran yon malen plezi mande yo gro magogo lajan pou yo vinn travay nan yon seri rigòl ki bouche dig dantan sou katye sa ki nan Site Belè, riyèl Otèl Kongo, nan Lafosèt nan Okap Ayisyen.

Sitwayen sa yo ki rekonèt ke yo ap viv nan ghetto, deklare ke sa pa bay Leta dwa pou inyore egzistans yo e kite yo san sanitasyon, elektrisite, dlo e latriye. Konsa, yo menase pou pran lòt dispozitif, si Leta koupyon an pa vle pran responsablite’l.

Comments are closed.