Direksyon Lise Fosten Soulouk Tigwav, nan yon nòt li mete deyò, mande tout paran pou kenbe elèv yo lakay yo.

1,130

04-19-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon nòt direksyon Lise Fosten Soulouk Tigwav la mete deyò maten mèkredi 19 avril 2023 a, mande tout paran pou kenbe elèv yo lakay yo an atandan genyen yon solisyon ki jwen nan kad dosye elèv yo ki pran lari epi manifeste ak anpil vyolans pou egzije pwofesè nan sal klas yo.

Yon lòt kote, direksyon an envite paran yo nan yon enpòtant reyinyon kap fèt demen jedi 20 avril 2023 a vè 10 zè nan maten nan lokal Lise a.

Nap siyale, desizyon sa a pran nan lide pou evite gwo bout tonton vyolans pwodwi nan manifestasyon liseyen yo jodi a, yo kwè, sa kapab debouche sou vyolans mòtèl. Daprè yon seri rimè bò kote kèk elèv kolèj nan vil Tigwav ki fè konnen yap pare tann elèv lise yo, dapre enfòmasyon TRiboLAND medya dispoze. Nan jounen mèkredi a, Lise Fosten Soulouk la, rete ak pòt li fèmen.

Se direktè Lavertu Jean Delouis ak manm direksyon an ki mete siyati yo anba nòt sila a.

JOICY Arnold

Comments are closed.