Luis Abinader deklare Ariel Henry persona non-grata sou tèritwa dominiken an

838

03 – 09 – 2024

Santo Domingo, RD___(TRiboLAND) Pandan vyolans gang ame yo ap pran yon vitès san parèy anndan peyi Dayiti nan dènye jou sa yo; Leta Ayisyen ajenou nan pi ba nivo li kòm “Eta”, pwezidan dominiken an, Luis Abinader kontinye ap ranfòse dispozitif sekirite lakay li. Li deside deklare Ariel PM Henry kòm “persona non grata”, jodi samdi 9 mas 2024 la. Yon veritab kalòt diplomatic pou Ariel Henry ki toujou nan kanpe lwen pa pwoche.

Konsa, yon lòt fwa ankò li jistifye yon lòt fwa ankò mezi fèmen baryè tèrès ke li te pran fas ak dènye vag vyolans ak tansyon gang yo ki konteste otorite gouvènman ayisyen an; yon sitiyasyon ki pa fè lòt bagay ke konplike sitiyasyon politik ak sosyàl rejyon an pi mal toujou.

Gouvènman dominiken an reyitere yon lòt fwa ankò detèminasyon li, pou fèmen 390 km fwontyè tèrès ke li pataje ak repiblik Dayiti. Se yon seri restriksyon ki vinn pi djanm sou yon seri machandiz.

Pwezidan vwazen an deklare ke siyasyon Ayiti a “ensipòtab”, li envite yon efò konsète bò kote kominote entènasyonal la, pou rejwenn efò kap fèt yo pou arive pasifye Ayiti ak elabore yon plan vyab pou eleksyon demokratik yo, ki se yon pasaj oblije.

Comments are closed.