Nan yo rankont ak laprès madam Dezina Jozèf denonse zak vyolans li sibi anba men endividi yo pa rive idantifye.

862

03 – 09 – 2024

Senlwidinò,Ayiti___(TRiboLAND) Madam Dezima Jozèf prezante bay laprès move moman li pase anba men yon gwoup bandi pèsòn pat rive idantifye, soti jedi 07 pou leve vandredi 08 mas 2024 la, nan 4è nan devanjou.

Selon madam Dezima, malfwa yo demonte pòt lakay li, yo antre jis nan chanm li, vyole l epi pote ale plizyè aparèy elektonik, telefòn, lajan ak lòt ti demele machandiz pou l te vann.

Pou madam nan, 08 mas Jounen Entènasyonal sou Dwa Fanm yo, make plis krim ki kontinye ap fèt sou fanm. Li konsidere yon parèy jounen kòm yon moman repiyans ak degoutans nan kad sa fanm ap pran anba mesye yok e li konsidere kòm vewritab sangwen lach.

Pandan l’ap raple mesye yok e yo genyen manman ak sè e ti nyès tou; li enpòtan pou yo mete fen nan bat ak vyole fanm nan peyi Dayiti. Li ankouraje bagay ki rele Leta Ayisyen an, kreye bon jan lwa pou pwoteje fanm ak ti fi yo nan sosyete ayisyèn nan.

Comments are closed.