Senlwidinò : Nan kad pwogram apezman sosyal la, PAM distribiye lajan bay moun ki te enskri pou patisipe nan pwogram nan.

1,066

04-21-2023
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan kan pwogram laswenyaj alimantè mondyal la, PAM distribye lajan bay tout moun ki te gen non yo figire nan pwogram nitrisyon an nan komin Senlwidinò vandredi 21 avril 2023 a, nan legliz Batis Lachanmwot sou Fò.

Selon benefisyè yo, chak moun resevwa 17,000 goud ki evalye a 3,400 dola ayisyen. Popilasyon an eksprime kontantman yo bò kote patenè yo ki fasilite yo jwenn mwayen sa a pou fè fas kare ak sitiyasyon vant kòde a.

Pou anpil nan moun sa yo, lajan sa pral ogmante ekonomi yo, kote ke yo pra’l kapab fè ti bat bouch. Gen lòt menm ki deklare ke yo pral plante jaden ak yon ti pòsyon yon fason pou yo kapab jwenn plis manje nan lòt mwa kap vini yo.



Comments are closed.