Senegal lanse ofisyèlman an gran panpan yon sistèm TER

2,484

12/28/2021

Daka____(TRiboLAND) Otorite Senegal yo lanse ofisyèlman an gran panpan eksplotasyon komesyàl TER (Tren Ekspwès Rejyonal) yo yè lendi 27 desanm 2021 an.

Yon parèy sistèm transpòtasyon pwàl fasilite koneksyon nan yon pwemye tan kapital la, Daka avèk Diamnadio ki estime anviwon 36 kilomèt swa yon 20 minut transpòtasyon.

Pou anpil kritik, yon pwojè nan dimansyon sa, koute anpil: li koute 1,1 milyon ewo, reta travay yo ak dedomajman pou plis pase 16 000 moun. Konsa, li soulve anpil polemic nan milye politik la nan Senegal.

Kontrèman, otorite yo rete kwè, se yon pwojè “gran kola”, ki pwàl revolusyone sistèm transpòtasyon e fasilite deplasman ak aglomerasyon kapital la.

Comments are closed.