Lapolis fouke Josué Jean nan Senlwidinò pou posesyon zam ak minisyon

978

01-02-2024

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis nan Senlwidinò fouke e mare tankou krab, aprè yon koul fil telefònik mawon, Josué Jean maten jodi madi 2 janvye 2024 la.

Josué ki se yon natil natal Zile Latòti, maren e bòs mason, genyen 50 lane. Konsa, nan moman arestasyon li pou posesyon zam ak minisyon ilegal, fòs lòd pat jwenn oken idantifikasyon sou li.

Lapolis nan komin Senlwidinò arive sezi yon zam mak Titan Tiger, kalib 38 # Q858423 ak 53 katouch.

Annatandan, lajistis regle koze li ak Josué, li twouve li koulya fèmen nan gadavu.

Comments are closed.