Wo Komisarya Nasyon Tèt Kole yo sòti yon kominike trajik sou sityasyon ensekirite a nan peyi Dayiti pou peryòd mwa janvye a.

830

02 – 09 – 2024

Pòtoprens, Ayiti___(TRiboLAND) Pou pi piti 806 moun fè vwèl pou peyi san chapo, anviwon 300 bandi sangwen rankontre ak lisifè, se bilan katastwofik Wo Komisarya Nasyon Tèt Kole yo prezante, jounen vandredi 09 fevriye 2024 la.

Pou ekspè Wo Komisarya Nasyon Tèt Kole yo, mwa janvye 2024 la, se te yonn nan mwa kote machin ensekirite a te retire lavi plis moun nan peyi Dayiti parapò ak chif ki prezante pandan 2 ane ki sot pase yo.

806 moun pèdi lavi yo nan mitan popilasyon an nan mwa janvye sila, 300 gang fè vwèl pou peyi san chapo, saki bay yon total 1 108 mò, yon chif ki bay tèt vire ak vant kòde e menm rive kreye gwo laperèz pou tout rès ane 2024 la.

Comments are closed.