LONI deklare plan migratwà ameriken an se yon menas pou dwà moun.

737

01-11-2023

Komisè Gran Toryan Nazyonzini pou dwà moun, Volker Turk deklare aprè anons program migrasyon amerikèn nan kapab souzestime dwa fondamantal moun kap mande azil yo.

“Dwà pou mande azil, se yon pou moun; sa pral depann ki estate moun nan, nan ki fason li antre nan peyi migratwa a, e ki kote li sòti tou”, daprè Mesye Turk ki tap depoze sou nouvo plan migratwà Biden-Harris la, jodi mèkredi 11 janvye 2023 a.

Se vre ap genyen apeprè 30,000 resòtisan, ayisyen, venezyelyen, kiben ak nikaragweyen ki kapab legalman antre vini travay nan peyi Etazini; sepandan, gro chabwak Nasyonzini an estime yon parèy program pral kanpe ankwà sou entèdiksyon depòtasyon masiv ou pwensip non-refoulman imigran yo.

Pou Mesye Volker Turk, “pèsòn moun pa dwe refoule nan yon peyi ki riske maltrete, tòtire, ou degrade moun sovajman”. Nap raple youn nan objektif program migratwò ameriken an, se pou anpeche kandida yo travèse lizyè; yod we rete lakay yo; e konsa, yap solisite demann yo lakay yo san pou yo pa riske vi yo nan lanmè lanmò.

Comments are closed.