Plizyè legliz Pwotestan melanje ak legliz Pankotis mache nan vil Pòdpè ke yo estime kap desann nan lanfè enpidisite

0 336

PPÒDPÈ__(Triboland) Dimanch Aprè midi sa,yon makònn fidèl ki soti nan zantray tout legliz kretyènn nan vil Pòdpè òganize yon mach pitye ak siplikasyon pou vye mouvman masisi, madivinn, malvèsasyon, enpidisite, pwostitisyon, ak anpil lòt mès ki anvayi site Capois LaMort-a.

Sou intyativ yon gwoup lidè spirityèl avèti, ki genyen nan tèt li Pastè Beniel Duroseau, tout vil la te mobilize atravè yon mouvman konsète pou bay yon repons a yon pakèt vye pwatik sal ak devègondaj ki soti pou ogmante pi plis toujou mizè ak pètibasyon sosyàl nan popilasyon an.

Avèk rad blan sou yo, yo pat sispann chante, e envoke le syèl pou mete yon ola sou kalamite ak tribilasyon san rete popilasyon Pòdpè-a ap travèse. Yo te plizyè santènn fidèl ki soti nan zantray legliz Pwotestan melanje ak Pannkotis san konte yon pakèt lòt denominasyon te achte beton vil Pòdpè jodi 12 Me, 2019 lajan kontan.

Konsa, anpil obsèvatè estime, si tout lidè responsab nan vil sa te mete tanzantan mouvman sa yo soupye, anpil vye malvèsasyon tap arive kaba nan vil sa.

Ychmuth Corneille, Triboland

Leave A Reply