“Famille juvénile pour une meilleure société” (FJMS) reyisi premyè edisyon 18 me-l

05-18-2023
Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan okazyon 220èm anivèsè drapo Ayisyen an, jedi 18 me 2023. FJMS reyisi premyè edisyon 18 me-l nan Kolèj Fatima ki trouve-l nan Ri Benito Sylvain, Fatima/Chalè, vil Pòdpè. Sou leadership Evens, anpil moun konnen sou non Dayiti FJMS: yon group kòdonè ak majorèt ki abitye patisipe nan 18 me depi plis pase 10 lane, rasanble 16 group pou fasilite reyisit premyè edisyon bèl anbyans “Fèt Drapo”.
Aktivite a kòmanse sou wout Twa Rivyè a, akonpaye 3 fanfa, 16 group majorèt ki te pran direksyon lekòl Fatima sou gran bakòp plizyè polisye pou asire sekirite timoun yo. Rive sou lye aktivite a menm, tout group ak patisipan yo te mete yo dispoze pou kòmanse kleronnen im nasyonal la, answit priye pou kòmanse ak program kiltirèl la.

Yon program kiltirèl ki te divize an 3 seri, ki repati te konsa: group peyizan yo te ouvri aktivite a, answit te gen 5 lòt group ki pèfòme, ki se: Hervé Danse, Star Danse, Thecida Danse, Claudia Danse ak Magarette Danse. Animatè a te pran yon poz mizikal avan menm yo antre nan dezyèm seri a ki te genyen: Ketoo Danse, Fada Danse, CASTI Danse ak Charlemagne Danse.
BBzc Girls Danse, Sunshine Danse, FJMS, BPC Girls Danse, BPC Boy, Show Off Danse ak The Best Girl in danse, te klotire pwogram kiltirèl lan. Divès paran te akonpanye timoun yo pou asiste yo nan kad prestasyon yo.
Daprè Evens, GJMS reyalize premyè edisyon aktivite sila, yon fason pou dekonsantre fèt drapo a nan vil pòdpè. MJSAC pa ka reponn ak atant tout group yo nan depatman. Se toujou gwo difikilte ki gen nan site Kapwa Lamò a, chak fwa gen 18 me. Fwa sa bagay yo pi mal, daprè responsab la.






