JAKMÈL : EMMANUEL MICHEL DAVID DENONSE ANPYÈTMAN SOU PWOPRIYETE LI EPI MANDE ENTÈVANSYON MINIS JISTIS LA

10/24/2026
Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon konfli tè mete Emmanuel Michel David nan lari devan Pakè Jakmèl la. Nan okazyon sa a, sitwayen an denonse sa li prezante kòm zak anpyètman sou pwopriyete prive li, kote li akize kèk otorite nan aparèy lajistis la ansanm ak lòt aktè dèske yo ta enplike nan sitiyasyon an. Li kritike sa li konsidere kòm pratik malonèt k ap fèt nan sistèm jidisyè a, li estime kèk aktè ap sèvi ak lajistis tankou yon biznis nan enterè pèsonèl yo.
Nan deklarasyon li yo, Emmanuel Michel David lonje dwèt sou yon sèten Manius Sebavil, li akize dèske li ta prezante tèt li kòm mandatè fanmi Sanon. Daprè sa David rapòte, nan yon ak notarye, manm fanmi an ta fè konnen yo pa rekonèt Manius Sebavil kòm mandatè yo. Akizasyon sa yo soulve kesyon sou otantisite manda a ak dwa diferan pati yo genyen sou pwopriyete ki an diskisyon an. Sepandan, detay sa yo rete deklarasyon moun ki pote plent lan, e li enpòtan pou otorite konpetan yo verifye yo pou detèmine responsablite chak pati.
Devan sitiyasyon sa a, Emmanuel Michel David lanse yon apèl ijan bay minis Jistis la pou l entèvni epi pran mezi ki nesesè pou fè limyè sou dosye a. Li avèti, si pa gen entèvansyon, konfli tè sa yo ka agrave epi kreye yon klima ensekirite, pandan li fè yon konparezon ak fason pwoblèm tè ta kontribye nan devlopman fenomèn gang nan kèk lòt zòn nan peyi a. Kounye a, yon kesyon rete poze : ki repons Pakè Jakmèl la ak otorite Ministè Jistis yo pral bay devan akizasyon sa yo? Popilasyon an ap tann verite a, respè dwa pwopriyete ak yon lajistis k ap fonksyone san patipri.






