Jovenel Moise vizite Nò ak Nòdès peyi a nan kad verifye mach divès pwojè

0 447

Kap Ayisyen___(TRiboLAND) Nan kad yon visit weekend pou chèche konnen sa kap fèt sou yon seri pwojè nan divès kominn tankou Pignon Victoire, Vallières, Pignon, Maissade pou nou site sa yo sèlman nan depatman Nòdès la, pwezidan repiblik la, Jovenel Moise iogire yè Vandredi 17 Janvye 2020 an yon twonson wout ki relye Mombin Crochu ak Vallières ki finalman konekte apwè 247 lane. Jovenel te pwofite voye yon gwo kout chapo pou Lame Dayiti ki te jwe yon gwo wòl nan konstwiksyon wout sila.

An menm tan sa, Jovenel Moise ki te akonpanye Direktè Jeneral Biwo Monètizasyon Pwogram Èd pou Devlopman an, Fils-Aimé Ignace Saint-Fleur te inogire tou yon konplèks administrative ki gen anndan li Tribinal Depè a, Biwo Ofisye Eta Sivil ak Ofis Nasyonal Idantifikasyon nan vil Maissade.

Atravè diskou li nan zònn sèptantryonal peyi a, chèf deta pa sispann denonse kòripsyon kòm pi gwo kansè kap ravaje peyi a. Li pwomèt lòt enfwastrikti pami yo: twonson wout Mont-Organisé-Capotille; betonaj kominn Mombin Crochu; 18 pon metalik avèk bourad Bank Mondyal yon fason pou konekte divès depatman ak kominn nan peyi a.

Vizit pwezidan an nan Nò avèk Nòdès gen pou bout demen dimanch lan; se pwemye faz  nan yon seri deplasman ki pwevwa pou chèche konnen kòman divès pwojè ap mache nan rejyon sèptantryonal.

Leave A Reply