Fèt Toussaint an pran yon lòt dimansyon nan komin Senlwidinò ane a.

1,308

11-01-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Depi 31 oktòb nan lajounen, responsab zantray yo kòmanse ap konstwi estang devan simetyè komin Senlwidinò a, an objektif pou mete anbyans pou moun kap vin patisipe nan aktivite premye novanm lan, “Gede”.

Byen bonè maten madi premye novanm 2022 a, tout moun ki gen paran yo antere nan simityè komin nan te vini ak kafe, kleren, pou jete epi limen balèn galbanno sou kavo ak kav kote zansèt yo ye nan dènye demè yo.

Andedan simetyè a menm, yon bò se DJ kap kap bay animasyon ak mizik zantray yo, tankou yo ta swete rele lèsen ak brav gede. Yon lòt kote, se gwoup zantray yo ak mizik lokal tankou tanbou, tchatcha, banbou elatrye ki moulonnen yayad lèsen anba kout bagèt anbyans pou anime patisipan ou sèvitè gede nibo yo.

Se yon tradisyon, pou tout moun ki fè pati relijyon vodou a bay anpil enpòtans nan peyi Dayiti. Pou anpil moun jounen ap byen pase paske yo jwenn plezi yo. Gen moun tou ki pa gen kè kontan, yap kriye paske yo sonje defen an.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.