Nan mwens ke 24 èdtan, Lapolis nan Nòdwès peyia bay yon lòt bandi sangwen “love”

212
0
Share:
TRiboLAND

10-30-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Li te vè 4 è apwè midi lendi 30 òktòb 2023 a, fòs lòd yo nan komin Pòdpè, bay yon gwo manm gang Senlwidinò ki rele Jefferson Nombre “love”, nan boukantaj kout zam nan zòn Lasalenn, yon lokalite ki anba zèsèl vil Pòdpè.

Enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ta fè kwè, Jefferson te nan danse kole ak yon gwoup gang Senlwidinò, ke kriminèl “Tirach” tap dirije.

Antouka, se pa detèminasyon ke polisye Nòdwès genyen ankò; nan jou sila yo, anpil vagabon ap jwenn “love”. Kèk moun ki li nan gwo liv, ta menm fè kwè ke depatman Nòdwès peyia konte pase yon bon Nwèl san kè kase!

Share:

Leave a reply