Sekretè jeneral pati Pitit Desalin nan, Moïse Jean Charles kritike aktè politik ayisyen yo, li di ki pito chita avèk blan an, olye yo chita ansanm pou yon sòti dekriz.

964

03-08-2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRIboLAND) Sekretè jeneral pati Pitit Desalin nan, Moïse Jean Charles nan yon entèvyou li akòde ak laprès jodi vandredi 08 mas la, pa manke mo pou kritike aktè politik yo, li di ki pito chita pale ak blan loksidan, olye yo chita ansanm ant ayisyen pou jwen yon sòti nan kriz lan, san loksidan.

Ansyen senatè Jean Charles, fè konnen, li pap akize loksidan jodi a, ki yo menm konprann nesesite pou kite yo pran destine peyi yo.

Toutfwa, Moise Jean Charles kwè se ayisyen parèy li yo ki pabon, yo pa renmen pwòp lakay yo; yo wè pouvwa avan peyi, pandan l mande pèp ayisyen an, pran nòt pou gade ki moun ki renmen yo.

Comments are closed.