Ti machann yo kap vann nan Gran Mache kominal Tigwav la, denonse fenomèn lavi chè a, yo di kap fini avèk yo.

811

03 – 29 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Ti machann yo kap vann anba Gran Mache kominal Tigwav la, nan yon mikwo totwa repòtè “TRiboLAND” reyalize avèk yo jounen jedi 28 mas 2024 la, pa mete dlo nan bouch yo pou denonse fenomèn lavi chè a, yo di kap fini avèk yo dènye jou sa yo.

Ti machann yo ki pat vle “TRiboLAND” pran imaj yo, deklare yo pa konnen ki sen pou yo adrese devan sitiyasyon difisil sa a. Anpil ladan yo, ki di yo genyen plis pase 30 lane depi yap vann kichoy pou moun manje, se pou premye fwa, yo trouve yo nan yon sitiyasyon ko te yo pa ko sòti tèt yo, kliyan manchann yo te deja bay yo pri.

Sepandan yo paka achte akoz yo pa genyen lajan nan men yo, mete sou sa, ensekirite a, fè yo pa kapab frekante kapital la, pou yo al apwovizyone yo, sa ki vin plis konplike sitiyasyon an.

Toutfwa, Tidetayan yo presize, pwoblèm politik pou bokou nan lavi chè kap brase bil malere, malèrèz yo; konsa, yo mande aktè politik malad mantal yo, pou mete lankrite ak men long yo dekote, yon fason pou yo kapab jwen yon sòti kriz, pou retire peyi nan charonj kriz, ke yo menm kreye anndan peyi a.

Comments are closed.