Kowonaviris: Pewou, oksijènn vann tèt nèg nan mache nwa

367

Lima___(TRiboLAND) Anpil doktè nan peyi Pewou pami yo ou jwenn Pilar Mazzeti, ke yo nome kòm pwezidan “Kòmando Kovid-19” ki chaje pou konbat pandemi a ap kesyone patriyotism yon seri konpayi ki moute pwi oksijènn tèt nèg alòske peyi Pewou ap fè fas a gwo pwoblèm gaz medikal e li dwe akomode plis pase 10,000 malad ospitalize. Dr. Mazzeti, pa genyen mo pou li dekri konpòtman moun sa yo kap pwofite fè mache nwa ak gaz medikal la.

Peyi Pewou se dezyèm tèritwa nan Amerik latenn nan ki pi afekte anba kovid-19 la an kontaminasyon apwè peyi Bwezil. Li depase bar senbolik la yè jedi 11 me 2020 an avèk 200, 000 malad ak 5,903 mò.

Konsa, egzijans pou oksijènn nan lopital yo monte jiska 40% anplis ke sa ki disponib, dapwè pwezidan konsèy minis yo, Vincente Zeballos. Kidonk, responsab yo bezwen 216 tonn ogsijènn chak jou e yo manke yon 136 tonn. An gwo, gouvènman an estime ke yap fini pa itilize 400 tonn chak jou nan fen mwa jwen an.

Pou Cesar Chaname ki se rapòtè sekirite sosyal Essalud, “se yon veritab tsunami ki anvayi peyi a avèk yon ogmantasyon eksponansyèl demann 500% a 600% depi kòmansman pandemi a. Konsa, tout tan malad la obèz li nesesite plis dòz oksijènn, pafwa pandan plis pase 20 jou,” dapwè Chaname.

Comments are closed.