Pèsekisyon bandi fòse peyizan 2èm seksyon kominal Wozo, oblije al pran refij nan komisarya Jeremi an.

1,034

03-22-2023

Wozo, Ayiti____(TRiboLAND) Depi apwè lapolis finn arete chef gang Auguste Brinet, alyas “Pa Genyen”, pou krim ,vyòl, vòl ki fèt sou peyizan yo nan lokalite Fonkochon, 2èm seksyon kominal Wozo, patizan kriminèl lan pat rete bwa kwaze.

Solda chèf gang ki ankò genyen zam nan men nan Fonkochon, pa sispann fè menas sou peyizan yo nan lokalite a ki pa menm genyen yon pikèt bwa panyòl nan men yo fas ak aksyon bandi yo ki se manm gang “Pa Genyen an.

Absans lapolis ak kazèk nan Fonkochon, pèmèt bandi yo enpoza lwa yo vle e teworize popilasyon an. Konsa, pa genyen oken otorite ki kapab pwan kontrepye zak bandi sangwen yo ap komèt sou peyizan yo.
Fas a pèsekisyon yo lajounen kou lannwit kap miltiplye kont peyizan yo kite viktim anba grif chèf gang Auguste Brinet, alyas “Pa Genyen”; se sa ki te pouse lapolis arete kriminèl lan ,ki jounen jodia a ap reflechi padèyè 4 miray prizon sivil Jeremi an.

Antouka, kafe viktim yo ta kontinye koule ak ma avèk patizan “Pa Genyen “ yo. Konsa, peyizan yo oblije vinn pran refij nan komisarya Santwal jeremi an, yon fason pou fòse lapolis garanti sekirite yo nan Fonkochon, 2èm seksyon kominal Wozo.

Comments are closed.