Yon lòt fwa ankò, Fondasyon TRiboLAND delivre 2 jounen fòmasyon gratis pou jèn nan Kawodati.

Kawodati, Wo Monstik, Ayiti_____(TRiboLAND) Se jounen madi 30 septanm 2025 lan, ekip kòdinatè Fondasyon TRiboLAND nan Kawodati, Wo Monstik, depatman Nòdwès Dayiti, mete fen nan 2 jounen fòmasyon sou dekorasyon ak arfloral.
Gras ak konpetans Lachemide Estilien, yon fòmatris ki pase prezantasyon nan domèn dekorasyon ak flè ònamantal nan yon nivo ki totalman modènize; anpil aprantisaj tonbe. Atelye travay gratis sila ki te reyini plis depase 70 jèn fi melanje ak gason ki te soti nan zòn Debwa, Deside, Papano, Gèt ak Lyan Panyen.
Patisipan yo ki te an foul nan legliz Nazareyen nan Dewoulen, Kawodati, te resevwa anpil konpetans adekwàt sou dekorasyon konplèt ou tablo dekoratif ak jèb satine e mòsyal e latriye. Angouman ak anbisyon pou mete konesans nan kabòch tèt la, se te ekspresyon ki tradwi anbisyon pou aprann, ke moun te kapab obsève sou vizaj jèn sila yo ki aswafe konesans ou abilite manyèl.
Antouka, se yon veritab reyisit nan Kawodati, yon seyans aprantisaj ki te mete an evidans volonte ak leadership Frè Fesnel Ocean nan tèt kole ak yon ekip ki toujou swete wè jèn nan rejyon benefisye fòmasyon TRiboLAND yo ki toujou fèt gratis.
Nap raple, akote dekorasyon ou arfloral, jèn nan rejyon Kawodati yo te deja resevwa yon fòmasyon sou fabwikasyon pwodwi chimik.






