TRiboLAND pote espwa nan peyi Dayiti : 2 gran seminè gratis pou fòme jèn yo epi louvri pòt antreprenarya nan komin Answouj ak Bèdeyèn

211
0
Share:
TRiboLAND

02/16/2026

Answouj, Bèdeyèn, Ayiti _____(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND Media Network kontinye demontre angajman li pou devlopman jèn yo nan peyi a, atravè yon seri gran seminè fòmasyon gratis sou fabrikasyon divès pwodwi itil ak komèsyal.

Osito staff teknik Fondasyon TRiboLAND finn depoze pou jènn yo nan Kabarè, Ba Nòwès demen lendi a, Ekip la ap pran direksyon 17 fevriye 2026 pou Lekòl Frédéric Marcelin nan komin Answouj, epi 18 fevriye 2026 nan Lycée Philippe Champagne ki trouve li nan komin Bèdeyèn, soti 8è nan maten pou rive 2è aprè midi.

Fòmasyon sa yo ap konsantre sou fabrikasyon: diven, diven mousan, savon likid, jèl cheve, pafen, pomad ak spray pou cheve, ak yon sètifika entènasyonal k ap bay swivan obligasyon pwatik ke pwosesis aprantisaj egzije.

Inisyativ sa a se yon repons dirèk ak pwoblèm delekans jivenil k ap ogmante nan plizyè komin atravè larepiblik. Lè jèn yo jwenn konesans pratik ak teknik pou fabrike pwodwi, yo kapad vann li sou mache a; konsa, yo vin gen yon lòt vizyon pou lavi yo. Olye yo pran move chimen, yo kapab antre nan ti antrepriz, travay pou tèt pa yo, epi kontribye nan devlopman ekonomik kominote yo. Sa ede kreye plis responsabilite, disiplin ak espwa lakay jenerasyon k ap monte a.

Seminè sa yo pa sèlman yon fòmasyon, men yo se yon vrè zouti transfòmasyon sosyal. TRiboLAND ap bay jèn yo kle pou yo louvri pòt opòtinite, devlope lespri antreprenarya, epi konstwi yon avni miyò. Se yon bèl egzanp kijan yon enstitisyon ka mete tèt li ansanm ak kominote a pou konbat chomaj, povrete ak ensekirite atravè edikasyon ak fòmasyon pratik.

TRiboLAND pa sèlman kite jèn yo konsantre yo sou danse kanaval sèlman, ekip la fè yo pwofite moman sa tou, pou fè yo mete konesans nan tèt yo k ap itil yo pou tout tan. Viv TRiboLAND, viv pou tout tan!

Share:

Leave a reply