Malgre dout ki plane sou realizasyon eleksyon yo nan dat 13 desann 2026 lan, posesis fòmasyon yo ap kontinye nan Jeremi.

43
0
Share:
TRiboLAND

09- 09- 2026

Jeremi, Ayiti_____(RiboLAND) Malgre dout ki genyen nan respekte dat dewoulman eleksyon yo ki 13 desann 2026 lan; sa pa anpeche manm konsèy elektoral pwovizwa yo ap kontinye mete sou pye seans fòmasyon pou diferan aktè ak sektè nan sosyete sivil lan.

Si nan jou pase yo sete atelye fomasyon pou pèsonèl vakatè biwo elektoral kominal yo, biwo elektoral depatmantal yo pou depatman Grandans lan, fwa sa a se pèsonèl sistèm jistis lan. Tankou jij depè, jij tribinal premye enstans yo, avoka yo ki fè pati bawo lòd avoka yo nan Jiridiksyon Jeremi an. Yo la depi plizyè semènn ap pran fòmasyon nan otèl Le Sarah nan Jeremi.

Antouka, nan sans sa, mesye dam lalwa yo t’ap byen pase : manje, bwè ak frè pèdièm apati lajan ki sòti nan trezò piblik la, ki se task malerèz ki pa menm kap manje yon lasibab yon fwa chak jou.

Fas a konpòtman anti demokratik sa yo ke manm konsèy elektoral pwovizwa yo ak gouvenman Alix Didier Fils Aimé a afiche kont pèp aysyen an, divès antite nan popilasyon an egzije otorite yo pran ti kal konsyans, e kanpe sou tout demach fodilèz ou krizokal ki kapab plonje peyi Dayiti nan plis salmanaza.

Share:

Leave a reply