Pòdpè Kilti : Group Mizikal Vitès retounen nan biznis mizik la, aprè yon lane absan

633

08-12-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou Laprès responsab Vitès la Marco Pacouloute ak tout rès mizisyen ki fòme group la bay, yo anonse gran retou fòmasyon mizikal la, aprè yon lane disparisyon sou rada mizik ayisyèn nan.

Fonde nan lane 2020, Vitès pat pran tan pou te fann an 2. Divès mizisyen ki te gen pwoblèm ak mayestwo a, Marco te oblije al fè yon lòt djaz ki pote non FRIZ aprè yon mezantant nan mwa novanm 2021.

Marco Pacouloute ki se yon veteran, rete ap pèsevere ak non Vitès la, jiskaske li jwenn yon lòt group mizisyen pou fè djokannèl yo kontinye viv anbyans Mizikal ak Vitès. Nan okazyon gran retou jazz la, responsab Vitès yo ap entwodwi “ Nou Pare”, ki ted we pwezante bay piblik la jounen vandredi 11 dawout la; malerezman, pwoblèm teknik okazyone sa pa arive fèt.


Fòmasyon Vitès la, ki pou konnya kanpe an 4-3-2, genyen 9 moun. 4 nan ban dèyè a, 3 nan ren jazz la, ak 2 nan ban devan ki pral kenbe fanatik yo an alèn ak konpa. Marco Pacouloute anonse se petèt dènye zèl kat li, sitou nan laj li ye a. Konsa, li pa swete kontinye nan menm sitiyasyon an.

Yon lòt bò, divès moun pa sispann kesyone retou Vitès la sou otowout mizikal la. Èske se pou pèdi tan? Ou, èske yo pral pase vitès siperyè pou double tout jazz Nòdwès kap jwe sou otowout mizikal la?

Comments are closed.