Ekip “Valorize Valè” yo nan tèt kole ak CFANO pote kichòy pou fanm yo nan prizon sivil Pòdpè a nan okazyon Jounen Entènasyonal Fanm yo.

861

03 – 08 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Ekip k ap “Valorize Valè” yo nan tèt kole ak regwoupman fanm Nòdwès, òganize yon gwo sòlòkòtò ak fanm yo nan prizon sivil Pòdpè a nan okazyon Jounen Entènasyonal Fanm yo.

Nan moman gwo sòlòkòtò sila, prizonye fanm yo nan prizon sivil Pòdpè a, ta pral resevwa plizyè kit ijyenik ak bokit ijyenik kote anndan yo te genyen, kòlgat, savon, papye ijyenik, kotèks, bwòs ak plizyè anvlòp ki te genyen ti tchotcho poun site sa yo sèlman.

Hérode Valmond ke tout moun konnen sou non, K- Navao, direktris OFATMA branch Nòdwès la, Carline Léandre pou CFANO, san konte divès esponsò kle nan dyaspora a kou Ayiti tankou : Madam Ailiv, pou Institute Ailiv, Komisè Alangue Valbrum, Tassy Cher-Aimé Hermione, Marie Anaise Fertil, poun site sa yo sèlman ki ta pral rann jounen sa a yon remakab reyisit.

Comments are closed.