Atravè ògan biwo kominikasyon an, Lameri Pòdpè mande tout moun kap frekante konplèks Administratif la, pou kenbe li pwòp.

150
0
Share:
TRiboLAND

07-23-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pibliye sou paj Mèri Pòdpè a, jounen samdi 22 jiyè 2023 a, otorite yo mande pou tout moun kap frekante espas konplèks Administratif Pòdpè a, kenbe li pwòp.

Konstwi sou gouvènman pwoviswa Gérard Latortue a, ak presidans Alexandre Bonifas, konplèks Administratif la se espas ki loje majorite biwo Leta ki gen nan depatman Nòdwès la. Yon espas ke Mèri a vin loje aldan li avèk aparisyon Josué Alusma nan tèt enstitisyon sila.

Biwo kominikasyon an mande pou tout moun, anplwaye tankou moun ki vin pran sèvis, kenbe espas la pwòp. Yo mande pou tout moun itilize poubèl ki disponib nan espas la, olye yo sal tout kwen konplèks la.

Paske responsab yo pa genyen oken sans responsablite ak respè pou Leta yap piye a, espas administratif la tounen yon depotwa fatra ak latrin san jesyon, alòske se la yap bwase. Majorite twalèt yo pa fonksyone; pa poze-m kesyon ki kote moun yo fè bezwen yo, paske anpil fwa moun ki vin pran sèvis yo toujou pantan sou anbwate twalèt ak galon pipi.


Share:

Leave a reply